https://iclfi.org/pubs/wv/2026-meatpackers-ht
Travayè nan endistri vyann nan Greeley, Kolorado, kanpe djanm kont JBS epi yo refize retounen travay san yo pa gen pi bon kondisyon sekirite ak pi bon salè. Sa bon! Travayè yo merite tout sa y ap goumen pou li a, kòmanse pa pa oblije riske lavi yo ak manm kò yo jis pou JBS ka vann plis vyann bèf. Detèminasyon manm sendika yo fòse lidè UFCW Local 7 yo pwolonje grèv la, yon grèv yo te prevwa ki ta pral fini apre de semèn. Kounye a, manm sendika yo gen yon chans pou yo genyen yon bagay ki gen valè, men se sèlman si yo mennen grèv la yon lòt jan pase fason lidèchip sendika a te fè l jiskaprezan. Se pa ak move piblisite sèlman JBS pral lage kò l.
Men sa nou ka fè pou n kanpe pwodiksyon an nèt epi fòse JBS aksepte demann sekirite yo:
Eli reprezantan nan chak gwoup langaj nan izin nan epi fè reyinyon sou liy pikèt la pou kowòdone batay la. Manm sendika yo ap la sou liy pikèt la, jan yo dwe ye a. Pwofite opòtinite a pou òganize nou ansanm. Nonmen kapitèn pikèt pami nou menm. Egzije lidèchip sendika a bay entèprèt si sa nesesè—sendika a dwe goumen tankou yon sèl pwen mare.
Voye yon delegasyon al chèche Operating Engineers Local 1 pou yo patisipe nan grèv la tou. Travayè antretyen yo pa pwoteje kont move kondisyon travay nan izin nan e yo gen anpil pou yo genyen nan yon batay sendikal ansanm kont JBS. Sa t ap yon gwo sipò si yo te respekte liy pikèt yo epi rete lakay yo. Izin nan pa ka fonksyoneak chodyè ak frijidè ki pa mache.
Mande manm UFCW yo ak lòt sendika yo pou yo ede bati liy pikèt ki evite kasèdgrev yo travèse liy la. Liy pikèt yo gen anpil moun, men yo pa òganize pou bloke antre izin nan epi konvenk kasèdgrèv yo pou yo pa travèse. Si nou ogmante kantite moun nan liy yo, sa t ap rann sa posib, epitou sa t ap bay grèvè yo yon kouch defans kont viktimizasyon. Travayè makèt nan lokal 7 yo fèk antre an grèv kont King Soopers. Yo t ap benefisye klèman de yon gwo viktwa sendikal nan batay kont pwòp patwon yo. Mouvman travay la an jeneral nan zòn Denver ak pi lwen t ap benefisye tou. Sa gen ladan l manm Teamsters yo ak travayè sendikal nan domèn tren yo, kote anpil nan yo transpòte pwodwi pou gwo depo frijidè ki nan Windsor, ki pa lwen an.
Òganize ak lòt lokal UFCW yo pou kanpe pwosesis bèt yo detounen soti Greeley. Prèske yon douzèn lokal UFCW parèt nan liy pikèt yo an solidarite. Fòk nou ankouraje sa epi bati sou li. Devlope yon plan pou voye ekip sendikal nan kote JBS ap voye bèt ki te sipoze ale Greeley yo, pou jwenn angajman travayè sa yo pou yo refize manyen pwodui kasèdgrèv yo epi pou enskri yo nan sendika a si yo poko manm.
Egzije yon vitès sekirite pou liy pwodiksyon an tout tan, ak dwa sendika a pou fè respekte vitès sa a. JBS kenbe liy lan ap mache ak yon vitès fòmidab epi li ogmante vitès la pi plis ankò lannwit, lè anpil Ayisyen ap travay. Yo dwe kanpe pratik brital sa a pou byennèt tout moun. Se yon eskandal ke JBS ralanti liy lan pou enspektè USDA yo, men li pa ralanti l pou travayè yo. Reprezantan sendika yo dwe gen dwa pou kanpe liy lan chak fwa li ap deplase twò vit. Yon batay pou sendika a gen kontwòl t ap fè tout moun konprann aklè ke defans imigran yo esansyèl pou defans sendika yo, epi sa t ap ede rasanble kominote klas travayè yo, kit yo fèt aletranje, kit yo fèt Ozetazini, pou yo bay grèv la yon sipò aktif.

