QR Code
https://iclfi.org/pubs/wv/2026-dr-haiti-ht

Pandan tout moun rete bra kwaze, Ayiti ap degrenngole nan yon dezòd total. Manifestasyon, asasina ak vyolans gang ap taye banda chak jou pi plis. Anpil Ayisyen eseye kite peyi a, yo travèse ale nan Repiblik Dominikèn pou chèche sekirite ak travay. Menm si Repiblik Dominikèn ka parèt tankou yon paradi, li pa mande anpil pou w wè dèyè bèl pye plamis ak bèl plaj yo, yon peyi k ap toufe anba povrete, krim ak chomaj ki paralize l. Prezidan Luis Abinader di mas pèp dominiken an se Ayisyen k ap anvayi yo, e se yo ki sous pwoblèm yo. Yo blame Ayisyen yo pou di y ap vòlè djòb, y ap detwi idantite dominiken an, epi y ap anpeche peyi a devlope akoz koulè po nwa yo a ak Vodou. Pandan klas dominan dominiken an ap di tout bagay sa yo, y ap vann peyi a bay enperyalis ameriken yo, sa ki fè Repiblik Dominikèn vin depann pi plis de èd etranje.

Manti Abinader a, ki di si yo mete tout Ayisyen deyò, bagay yo ap vin miyò pou mas travayè dominiken yo, anflame antagonis rasyal ak nasyonal yo. Gwoup fachis salòp tankou Antigua Orden Dominicana, malgre pifò ladan yo se nwa, pwofite òganize manifestasyon avèk èd lapolis pou atake Ayisyen nan katye dominiken-ayisyen melanje yo. Sa te lakòz anpil baton ak egzekisyon piblik non sèlman pou Ayisyen, men tou pou Dominiken nwa yo, sa ki paralize katye sa yo ak laperèz. Kòm pa gen okenn rezistans òganize kont atak sa yo ki soti nan ekstrèm dwat la, apèl prezidan dominiken an pou depòtasyon Ayisyen yo vin gen plis popilarite, sitou pami Dominiken pòv k ap chèche yon fason dezespere pou yo chape anba povrete.

Pa gen okenn kantite depòtasyon Ayisyen ki pral rezoud pwoblèm mas Dominiken yo ap konfwonte. Se pa Ayisyen yo ki lakòz kondisyon terib ki genyen nan Repiblik Dominikèn yo. Se enperyalis Ameriken an ak klas dominan lokal la ki responsab pou kenbe mas Dominiken yo pòv nan eta sa. Se menm bagay la pou Ayiti tou, ki depi nan nesans li te toujou anba eksplwatasyon pouvwa etranje, jiskaske se mèt kolon Ameriken yo ki te pran kontwòl total sou li. Apre sa, enperyalis yo te vin enstale yon seri prezidan marionèt ki, avèk èd elit ayisyen an ak envazyon militè repete Lèzetazini, te plonje peyi a pi fon nan dezòd.

Lèzetazini, depi lontan, toujou eksplwate divizyon rasyal ak nasyonal yo, sa ki lakòz gwo eksplozyon vyolans. Ostilite sa a benefisye mèt kolon yo, paske li anpeche nenpòt lit anti-enperyalis ini ant Ayisyen ak Dominiken, sa ki pèmèt Lèzetazini kenbe yon kontwòl fèm sou tou de nasyon yo. Sèl fason pou simonte divizyon rasyal ak nasyonal yo se pou konbat enperyalis ameriken an, ki se pi gwo ènmi ni Dominiken ni Ayisyen. San yon konba ini kont kolonizatè yo, ni youn ni lòt bò zile a pap pwogrese, epi divizyon yo ap kontinye ap manje zile a depi anndan.

De twa dènye mwa sa yo montre enperyalis ameriken an ap chèche plonje grif li nan Amerik Latin nan. Soti nan anvayi Venezwela, kite Kiba nan grangou rive nan rankontre ak tout lidè dwat nan rejyon an (Somè Shield of the Americas), enperyalis yo ap eseye rebati dominasyon yo ki te kòmanse ap disparèt sou do tout rejyon an. Mete yon peyi kont yon lòt, vòlè rezèv petwòl epi entèvni nan eleksyon se tout pati nan plan an pou mete Amerik Latin nan anba dominasyon total Etazini.

Revolisyon Ayisyen an: Yon Gwo Viktwa Men Ki Kontradiktwa

Kesyon an se: ki kote antagonis rasyal ak nasyonal jodi a soti? Yon bon pati nan popilasyon Dominikèn nan wè Ayisyen yo tankou anvayisè. Pou Ayisyen ak anpil lòt moun nwa atravè Amerik yo, pwoblèm nan se tou senpleman ke Dominiken yo rasis. Men, lè nou apwoche sitiyasyon an nan nivo sa a,nou lave men enperyalis Ameriken ak lòt ki responsab yo. Pou nou konprann kote chire pit sa a soti, nou dwe gade listwa. E lè n ap gade listwa konplèks sa a kote anpil san te koule, se t ap yon gwo erè pou nou neglije Revolisyon Ayisyen an ak kijan apati de lè sa a, chak pouvwa kolonyal, espesyalman enperyalis ameriken, te alimante rayisman rasyal ak nasyonal ki egziste jodi a. Rezon ki fè li nesesè pou nou pase nan listwa sa a, se paske yo te defòme l pandan de dènye syèk ki sot pase yo pou sèvi enterè politik moun ki sou pouvwa yo. Lè nou ekspoze enterè sa yo pandan n ap prezante vrè istwa a, sa ap montre poukisa rezistans anti-enperyalis se sèl fason pou kreye yon pon nan mitan divizyon rasyal ak nasyonal ki genyen pami moun ki oprese nan Zile a.

Revolisyon Ayisyen an, yon gwo rebelyon esklav ki te reyisi ranvèse sistèm esklavaj nan Sen-Domeng Fransè a, te souke mond kolonyal la. Revolisyon an te fè Ayiti tounen premye repiblik nwa nan Emisfè Oksidantal la, e sa te fè mèt esklav yo toupatou nan Amerik yo pè anpil. Yo te pè pou nouvèl sou ansyen esklav ki t ap touye britalman mèt blan yo e avèk rezon, epi ki t ap mennen yon lagè pou libere tèt yo, pa t enspire lòt esklav fè menm bagay la.

Mèt esklav ki te nan koloni panyòl Santo Domengo a te santi presyon politik ak sosyal revòlt esklav 1791 an nan Sen-Domeng pi plis toujou, e yo te bezwen fè tout sa yo kapab pou anpeche yon sitiyasyon menm jan an rive bò kote pa yo sou zile a. Toussaint Louverture te klè ke li te vle ini zile a epi debarase l de esklavaj. An 1801, li te mennen lame li antre Santo Domengo, sa ki te fòse anpil nan elit la abandone vil la. Rive 1802, Napoleon te voye mesye li yo pou repran Sen-Domeng epi retabli esklavaj. An 1804, apre yon batay ki te dire de zan, lame Toussaint an te finalman bat twoup fransè yo.

Malgre fransè yo te pèdi batay la nan Sen-Domeng, ayisyen yo pa t pran tout kontwòl zile a nèt. Yo te pouse yo soti nan Santo Domengo, sa ki te kite yon pòt louvri pou kèk nan fòs Napoleon yo rete nan pati lès zile a. Lame panyòl la te pi piti anpil an kantite konpare ak lame ayisyen an. Kòm yo pa t kapab bay yon vrè rezistans, kolon panyòl yo te oblije fè alyans ak fransè yo pou ede yo kraze tout rebelyon esklav ki te enspire pa Jakoben nwa yo. Sa te bay fransè yo tan pou rebati fòs yo epi eseye retabli esklavaj nan peyi Dayiti. Nouvèl la te gaye rapidman pami ayisyen yo, ki te konprann elit panyòl yo t ap konplote pou fè fransè yo vini epi menase pou mete yo anba esklavaj ankò, se konsa yo te fè konnen klè yo pap janm tounen esklav ankò.

Ayisyen yo pa t gen lòt chwa pase pou yo te pouse pou inifye zile a, piske sa t ap asire pwoteksyon yo epi evite yo mete yo anba chenn ankò. Apre yo te aprann konstitisyon ayisyen an te aboli esklavaj sou tout zile a, anpil esklav nan Santo Domengo te anfavè inifikasyon an paske yo menm tou yo t ap libere. Sou lidèchip Dessalines, Ayisyen yo te retounen nan Santo Domengo an 1805, nan espwa pou yo te bat fòs fransè yo nèt, men yo pa t reyisi e yo te oblije fè bak. Pandan yo t ap fè bak la, yo te detwi vil ak zòn riral yo, epi yo te masakre moun sou wout la. Pita, elit dominiken an, entèlektyèl yo ak istoryen yo te itilize evènman sa a pou simen prejije anti-ayisyen pami klas travayè ak kiltivatè nan peyi a.

Yon lòt rezon ki te pouse lidè ayisyen yo pou inifikasyon an se te fado reparasyon fransè yo te enpoze sou Ayiti a. Chantaj ekonomik sa a te mete sou pye pou konpanse mèt esklav fransè yo ki te pèdi “byen” yo. Se te pri literal Ayisyen yo te oblije peye pou yo te jwenn rekonesans kòm yon nasyon lib nan men Lafrans, epi se te yon presyon konstan sou repiblik nwa a pou fòse l efondre. Lefèt ke bò lès zile a te anba kontwòl ayisyen, sa te pèmèt gouvènman an enpoze taks sou sitwayen ki te la yo pou l te ka peye Lafrans. Pandan Panyòl yo ak elit dominiken k ap monte a pa t vle peye yon taks pou yon sitiyasyon yo pa t jwe okenn wòl ladan l, rezon prensipal ki fè yo te reziste inifikasyon an se paske yo pa t ka tolere pou ansyen esklav gouvène yo, yon pèp yo te konsidere kòm enferyè.

Pandan yo t ap òganize pou batay, Panyòl yo te eseye konvenk esklav yo pou defann Santo Domengo lè yo te deklare fòm esklavaj panyòl la te pi byenveyan pase fòm fransè a epi ayisyen yo t ap britalize yo. Espanyòl yo te jwe sou laperèz ki te kreye pandan dega retrè ayisyen yo an 1805 la. Te gen plizyè batay ki te fèt, men siksè inifikasyon zile a pa t rive jiska 1822. Kòm rezilta, yo te aboli esklavaj nèt sou zile a. Ayisyen yo, ki te kounye a gen kontwòl tout Ispanyola, te fè tout sa yo te kapab pou kenbe kontwòl sa a. Sa te gen ladan l mezi represyon tankou entèdi lang panyòl ak koutim yo. Mezi sa yo te jwe dwat nan men kolon yo, ki t ap chèche nenpòt opòtinite pou prezante Ayisyen yo kòm anvayisè.

Pa gen dout Inifikasyon zile a te revolisyonè ak pwogresis, paske li te ranvèse mèt esklav panyòl ak fransè yo. Men, revolisyon an te gen kontradiksyon. Li te fè revolisyon an plis mal lè yo te entèdi lang panyòl ak koutim yo, touye inosan pandan retrè a epi enpoze taks pou peye Lafrans. Tout bagay sa yo te bay kolon yo zam pou ranfòse lide ki fè kwè Ayisyen se te envazè sovaj, sa ki te poze baz pou anti-ayisyanis epi ogmante resantiman kont revolisyon an. Elit dominiken an te lye animozite sa a ak kesyon ras, sa ki te alimante santiman pou endepandans Dominikani an pou prezève yon idantite ispanik separe. Pandan yo t ap pwofite de boulvès politik ak sosyal ki te eklate an Ayiti, yo te òganize yon rezistans, epi yo te ranpòte endepandans Dominikani an 1844.

Separasyon ak Ayiti te mete Repiblik Dominikèn anba presyon politik ak finansye. An 1861, Prezidan Pedro Santana te remèt Repiblik Dominikèn anba dominasyon Panyòl. Desizyon enpopilè sa a te lakòz rebelyon, paske Espay te enpoze gwo taks pandan militè li yo t ap vòlè founiti ak manje nan men mas pèp dominiken an. Espay te eseye reprann tè nan men Ayiti tou. Sa te vin fè Ayisyen yo fache. Prezidan Fabre Geffrard te entèvni pou ede rebèl Dominiken yo, li te voye zam ak Les Tirailleurs de la Garda pou al goumen bò kote yo kont Espanyòl yo. Repiblik Dominikèn te finalman jwenn endepandans li an 1865. Jodi a, Repiblik Dominikèn pa selebre endepandans li kont dominasyon Espay, men pito kont Ayiti—nasyon ki te elimine esklavaj sou zile a.

Sa ki te nesesè pou elimine divizyon rasyal Espanyòl ak Fransè yo te kreye yo epi reyisi ini zile a nan batay kont kolonyalis la, se te yon patenarya ki soti nan kè mas oprime zile a, yon patenarya ki te reyèl e ki te egal. Sa t ap vle di revolisyonè ayisyen yo te dwe kenbe lang panyòl, koutim ak relijyon kòm yon pati nan òganizasyon esklav yo kont opresè yo nan Santo Domengo. Yon patenarya t ap ede tou nan planifikasyon yon retrè òganize an 1805 pou reòganize ak esklav yo ansanm ak lòt moun ki te vle libere yo.

Pou nou pale klè: Revolisyon Ayisyen an te revolisyonè. Batay pou inifikasyon an te revolisyonè. Epi se te yon bagay revolisyonè pou genyen yon konstitisyon moun nwa ki te libere yo te ekri ki te mete fen nan esklavaj sou tout zile a. Men, liberatè ayisyen yo te febli pwòp batay yo a lè yo te itilize taktik repwesif kont popilasyon an jeneral olye pou yo te pwofite chak opòtinite pou mete moun ki te fèk libere yo kont elit kolonyal la nan Santo Domengo.

Enperyalis Ameriken an Etabli Domination li

Kolonyalis te kite tou de bò zile a enstab politikman ak ekonomikman menm apre chak nasyon te fin genyen endepandans ofisyèl li. Nan epòk sa a, plizyè prezidan te asasinen ni an Ayiti ni nan Repiblik Dominikèn, epi tou de te dwe anpil lajan ak pisans Ewopeyen yo. Dèt sa a te bay vòlò kolonyalis Ewopeyen yo yon levye ekonomik sou Karayib la. Sa te yon move nouvèl pou Etazini pandan li t ap eseye elaji plis nan rejyon an apre li te fin pran Pòtoriko an 1898.

Dezòd ki te genyen nan Ispanyola a se te yon bagay Etazini te vle pwofite pou pwòp enterè pa l, men li pa t ka jis anvayi zile a. Li te bezwen kache apeti enperyalis li a ak jistifikasyon ki di ke antre nan zile an se te yon misyon sivilizasyon ki te nesesè pou retabli estabilite ak modènite, piske moun sovaj yo la pa t ka fè l poukont yo. Men, pwomès pwogrè enperyalis yo toujou vle di soumisyon. Jan nou te ka atann, pou yon peyi kote klas dominan an te konsolide pouvwa li nan aplike divizyon rasyal brital (Jim Crow), Etazini te ankouraje anti-ayisyanis ak valè sipremasi blan pou etabli dominasyon li sou zile a.

Anpil moun panse dominasyon Ameriken sou Ayiti te kòmanse sèlman an 1915. Men reyalite a sèke depi Etazini te rekonèt endepandans Ayiti an 1862, dirijan li yo t ap chèche tout opòtinite pou yo kontwole finans, travay, pò ak lòt resous peyi a. Tout sa te fèt pou benefisye enterè bankè ak biznis Ameriken yo. Sa te pran tan pou yo te reyalize mouvman sa yo, men rive 1905, Etazini te ranplase Lafrans kòm pi gwo patnè komèsyal Ayiti. An 1909, National City Bank of New York (kounye a CitiBank) te pran kontwòl Banque Nationale Ayiti a.

Marin Ameriken yo te vin pran $500,000 an lò nan men Banque Nationale epi yo te transfere l bay National City Bank nan Nouyòk. Se sèlman an Out 1915 Ayiti te santi tout fòs okipasyon enperyalis la lè 3,000 Marin te anvayi pati lwès zile a. Enperyalis yo te pran kontwòl ladwàn yo, yo te mete yon lidèchip militè blan nan tèt lame ayisyen an epi yo te reekri konstitisyon an, yo te elimine entèdiksyon sou pwopriyete tè pou etranje ki te yon gwo pwoteksyon kont esklavaj.

Dominiken yo te revòlte tou kont Etazini, paske yo te wè se te yon fason pou yo te retire souverènte yo lè Ameriken yo te anvayi an 1916. Epi sa enperyalis yo te fè nan Repiblik Dominikèn nan sanble anpil ak sa yo te fè nan peyi Dayiti. Marin yo te debake epi yo te mete sou pye yon gouvènman militè dirèk, sa ki te efektivman sispann konstitisyon an epi yo te fonn Kongrè Dominiken an. Yo te pran kontwòl lame dominiken an epi yo te mete sou pye Guardia Nacional la, menm aparèy militè sa a ki t ap fòme Rafael Trujillo. Dirijan Ameriken yo te pran kontwòl ladwàn Dominikèn nan, epi yo te remèt finans Repiblik Dominikèn nan bay National City Bank of New York, ki te ede nan pran kontwòl plantasyon sik yo.

Men, enperyalis yo te adopte yon apwòch ki yon ti jan diferan anvè Repiblik Dominikèn. Malgre yo te konsidere ni Ayiti ni Repiblik Dominikèn kòm peyi ki plen sovaj, yo te panse Repiblik Dominikèn te kapab fè kèk pwogrè ekonomik ak politik paske yon pòsyon nan popilasyon li an te blan oswa milat. Men pwogrè sa a te kapab fèt sèlman avèk èd sovè enperyalis yo. Enperyalis yo te pouse lide siperyorite rasyal blan yo ak enferyorite nwa yo lè yo te nome Dominiken ki te gen po pi klè yo nan gwo pozisyon nan Guardia Nacional la. Fòs militè sa a t ap vin kraze rebelyon Dominiken ki te gen po fonse yo ak revòlt nan kominote melanje Ayisyen-Dominiken yo.

Pandan Etazini t ap prezante Ayisyen kòm vòlè, li te mete yo deyò sou tè yo te kiltive ansanm ak Dominiken nan zòn riral yo epi li te fòse yo al sou plantasyon kann yo. Apre sa, konpayi kann ameriken yo te vòlè tè kote yo te mete Ayisyen yo deyò a. Fòse Ayisyen al sou plantasyon kann yo te itil non sèlman pou kraze kominote melanje Dominikèn-Ayisyen yo nan peyi a, men tou pou kreye plis divizyon. Pandan opòtinite travay pou Dominikèn yo t ap diminye anba okipasyon Ameriken an, sèl vrè travay ki te genyen se te nan plantasyon yo.

Travayè sik Dominiken yo te lite kont sa lè yo te mande pi gwo salè ak pi bon kondisyon. Repons konpayi sik yo se te revoke travayè sik Dominiken ki te konbatif yo epi ranplase yo ak Ayisyen, ki te touche anpil mwens pase salè mizè yo te deja peye Dominiken yo. Pou asire yon fòs travay ki toujou la e ki pa chè pou endistri sik la ki t ap grandi anpil la, enperyalis yo te fè yon akò ak gouvènman ayisyen an pou enpòte ayisyen tou dwat sou plantasyon yo. Anpil ayisyen te dezespere pou yo kite dezòd nan peyi yo a epi jwenn travay.

Sitiyasyon ostil sou plantasyon sik yo, depans pou kenbe yon gouvènman militè ak presyon kritik entènasyonal yo te fòse enperyalis yo mete fen nan okipasyon yo nan Repiblik Dominikèn an 1924. Pandan ke yo te konstwi kèk wout ak lekòl, Etazini te mete Repiblik Dominikèn nan plis dèt, li te kite anpil nan pèp li a nan povrete epi li te enstale yon gouvènman ki te pwomèt pou l pwoteje enterè Ameriken yo. Ayiti te pi devaste ekonomikman ak politikman pase Repiblik Dominikèn, epi trete fwontyè 1929 la te sèlman rann bagay yo pi mal. Trete a te bay Repiblik Dominikèn yon gwo pòsyon nan zile a, li te kite Ayiti ak zòn ki pi estèril yo. Li te bay tou “aksè pataje” sou rivyè Ayisyen te konn itilize pou irigasyon, sa ki te kreye konfli pou pita. Menm si yo te tabli yon fwontyè ki te sipoze rijid, dechèpiyaj Etazini te lakòz nan peyi Dayiti te fòse anpil nan pèp la al nan Repiblik Dominikèn. Sa te fè elit dominiken an fache, ki te di ke Ayisyen k ap antre yo t ap febli ras blan an e yo se rezon ki fè Repiblik Dominikèn pa t ap pwogrese.

Trujillo Pèfeksyone Anti-Ayisyanis

Malgre klas dominan dominiken an te fè tout sa l kapab pou l te kenbe Ayisyen yo deyò, gouvènman santral la pa t gen anpil otorite sou zòn riral tankou rejyon fwontyè a. Fwontyè a pa t byen defini kèk kote, kote Ayisyen te ka travèse san pwoblèm. Guardia Nacional la, anba direksyon Etazini, te rive aplike kèk mezi repwesif men li pa t ka kontwole tout rejyon fwontyè a. Sa te yon pwoblèm pou Rafael Trujillo, ki te gen pou objektif etabli yon kontwòl total sou zòn riral yo, e sa t ap mennen nan yon masak sou fwontyè a an 1937 epi anrasinen nèt anti-ayisyanis kòm yon ideyoloji nan Repiblik Dominikèn.

Trujillo te eseye mete anplas politik ki t ap limite mouvman Ayisyen yo atravè fwontyè a sou pretèks pou pwoteje Dominiken yo kont “envazyon pasif” la. Objektif politik li yo se pa t pou pwoteje Dominiken nan zòn riral yo, men se te pou mete peyi a anba kontwòl total li. Li te eseye fè gwo depòtasyon Ayisyen an premye, men li pa t reyisi paske kominote lokal yo te opoze ak sa. Ayisyen ak Dominiken te viv ansanm toupatou nan peyi a e souvan yo te klèman opoze ak tantativ gouvènman santral la pou entèvni nan lavi yo. Toude peyi yo te genyen wout pave ak sistèm kominikasyon ki te limite. Sa enkli zòn riral yo, ki pa te gen anpil koneksyon ak vil kote elit dominiken yo te rete.

Paske yo te gen ti entèraksyon limite ak klas dominan an, peyizan ayisyen ak dominiken yo te wè yo te gen plis bagay an komen youn ak lòt pase ak elit ki nan vil yo. Yo di Trujillo te bay lòd pou masak Pèsi 1937 la akoz rayisman li te genyen pou ayisyen yo. Sa ka vrè, men tout rezon masak la se te pou kase koneksyon solid sa yo ki te genyen ant ayisyen ak dominiken yo, koneksyon ki t ap anpeche l gen tout pouvwa sou peyi a.

Kèlkeswa jan Trujillo te eseye, li pa t gen resous pou l te retire popilasyon ayisyen an nèt nan Repiblik Dominikèn. Gouvènman ameriken an ak pwopriyetè plantasyon kann yo te kanpe l tou, men se sèlman paske ayisyen yo te bay mendèv bon mache ki te nesesè pou fè gwo pwofi. An repons, gouvènman Trujillo a te pran egzanp sou estrateji enperyalis yo epi li te kòmanse izole imigran ayisyen yo toupatou nan peyi a, yon lòt fwa ankò fòse yo al sou plantasyon kann yo. Sa te fè chèf sik Ameriken yo plezi. Men, gouvènman Trujillo a te rankontre rezistans bò kote lidè lokal nan zòn riral yo ak kiltivatè dominiken yo, ki te opoze ak deplasman fòse vwazen yo. Lè sa a, ofisyèl gouvènman yo te fè presyon sou pwopriyetè tè yo pou yo mete Ayisyen yo deyò epi yo te menase pou yo pa bay dokiman imigrasyon yo jiskaske migran yo te deplase.

Apre sèt an ap eseye yon politik anti-Ayisyen sevè apre lòt, diktati Trujillo a potko gen kontwòl absoli sou peyi a. Kòm li te santi presyon bò kote elit Dominikèn nan epi pou l te ka pouswiv pwòp anbisyon dominasyon pa l, Trujillo te deside pran mezi ki pi radikal. Nan dat 2 Oktòb 1937, li te bay lòd pou masakre ant 15,000 a 20,000 Ayisyen. Kèlkeswa sa ofisyèl dominiken yo di, masak sa a te gen ladan l tou dominiken ki te mouri paske yo te kanpe pou defann tèt yo oswa yo te panse yo te ayisyen paske yo te gen po fonse. Masak la te voye gwo chòk nan tout rejyon riral yo, paske britalite l te dechire kominote dominiken-ayisyen yo epi li te fòse lidè lokal yo bese tèt yo. Se egzakteman sa Trujillo te bezwen pou l te konsolide kontwòl politik ak sosyal li sou rejyon fwontyè a ak sou nasyon an.

Apre yo te fin touye plizyè milye Ayisyen, anpil te kouri tounen an Ayiti. Sa te louvri rejyon fwontyè a pou “dominikanizasyon.” Yo te voye prèt, pwofesè ak ofisyèl ki soti nan vil yo. Pandan kominote riral yo te nan chòk e detwi, Trujillo te reekri masak Parsley a kòm yon reyaksyon jistifye gouvènman an te bay fas ak envazyon Ayisyen yo. Pa t gen pèsonn ki te dispoze kesyone mezi otoritè ak jenosid li yo, konsa Trujillo te ale pi lwen toujou. Yon pati nan “re-edikasyon” an se te fè moun kwè kòm si se te verite ke raysiman ki te genyen ant Ayisyen ak Dominikèn yo te soti sèlman nan 22 ane inifikasyon an, yo te rele sa yon okipasyon ayisyen ki te menase nasyon dominiken an. Sa te efase nèt koze enperyalis ameriken an, an patenarya ak klas dominan dominiken an, ki te fèk fin devaste Repiblik Dominikèn epi li te vin agrave divizyon rasyal yo. Masak ak kanpay dominikanizasyon Trujillo a te fè anti-ayisyanis tounen ideyoloji dominan nan Repiblik Dominikèn.

Duvalier: Yon Lòt Konplis Enperyalis Ameriken an

Etazini te okipe Ayiti (1915-34) pi lontan pase li te okipe Repiblik Dominikèn (1916-24). Enperyalis yo te ale apre rebèl Kak yo te fòme yon mouvman masiv kont yo. Men, Etazini te asire l kite dèyè yon leta ki te trè santralize ak yon gwo lame enperyalis yo te fòme pou travay espesifik pou repwime nenpòt rezistans pèp ayisyen an. Malgre Etazini te “retire” kò l nan peyi Dayiti, kòporasyon li yo te toujou gen kontwòl ekonomi ayisyen an, epi yo t ap eksplwate klas travayè a otan yo te kapab. Sa te agrave gwo diferans ki te deja la ant moun ki te anba opresyon yo ak elit ki te rich la. Gwo diferans sa a te tèlman gwo paske se klas travayè a ak moun ki te anba opresyon yo ki te peye bòdwo reparasyon yo bay Lafrans—yon dèt ki te monte a 150 milyon frank (sa ki vo byen plis pase yon demi milya dola jodi a) e yo pa t fin peye l jiskaske 1947.

Gwo povrete ki te frape mas pèp ayisyen an te mete François «Papa Doc» Duvalier sou pouvwa. Papa Doc te fè kanpay li ak yon diskou popilis ki te anfavè moun nwa kont elit moun klè yo, men li pa t atake enperyalis ameriken yo ki te responsab pou move kondisyon yo nan peyi a. Lè l te fin pran pouvwa a, Duvalier te vire do bay popilasyon pòv la pandan l t ap travay ak elit moun klè yo pou l te ka defann enterè pa l. Pou l te pwouve li t ap yon bon alye, Duvalier te kòmanse yon rèy laterè ki te elimine san pitye opozan politik, lidè sendikal ak nenpòt opozisyon ki te gen tandans goch, epi li te kreye Tonton Makout yo pou l te fè sa.

Kanpay laterè li a te fèt pou l te ka kenbe kontwòl total sou mas pèp la epi pèmèt Etazini envesti nan peyi Dayiti san popilasyon an pa t ap bay anpil pwoblèm. Divalye te ede enterè enperyalis yo tou lè l te pwomèt pou l tounen yon kontrepwa anti-kominis fas ak Kiba. Sa te plis pase akseptab pou Etazini, ki t ap chèche kraze politik popilis gochis ak politik ki te anfavè klas travayè yo ki te soti nan soulèvman 1946 la nan peyi Dayiti. An echanj pou obeyisans li ak represyon li, enperyalis yo te bay Duvalier zam ak milyon dola èd epi yo te fòme fòs sekirite li yo pou yo te ka reprime pèp ayisyen an pi efikasman.

Angajman Duvalier anvè enterè Etazini te gen efè ekonomik ki te fè anpil dega ni sou klas travayè a ni sou kiltivatè yo. Kòporasyon ameriken yo te vle pou Duvalier chanje ekonomi peyi a, pou l kite agrikilti pou l al nan manifakti ak salè ki ba. Sa te kreye yon gwo popilasyon travayè ki te pòv pandan l t ap detwi kiltivatè yo, ki pa t ka fè konkirans ak pwodui agrikòl ameriken k ap antre yo oswa jwenn travay nan sant iben yo. Angajman Duvalye a pa t kanpe la. Rejim li a te kenbe estrikti ekonomik Etazini te mete an plas pandan 19 an okipasyon li a pou fòse Ayiti peye dèt li bay bank etranje yo. Men, Ayiti pa t gen lajan, kidonk li te prete lajan nan men bank ameriken yo pou l te ka peye dèt li yo. Sa te kenbe nasyon an depandan de enperyalis yo, sa ki te kreye yon sik mizè ak soumisyon li pa t janm ka soti ladan l. Eritaj Papa Doc la te kontinye ak pitit gason l lan, Baby Doc, ki te brital menm jan an ak pèp ayisyen an e ki te angaje menm jan an tou nan kenbe enterè enperyalis yo sou zile a.

Elit ayisyen an tankou elit dominiken an montre yo responsab pou eta degrade zile a ak divizyon rasyal ak nasyonal yo. Prèske tout lidè nan Repiblik Dominikèn ak Ayiti te apiye sou enperyalis yo sou do klas travayè ak mas peyizan yo. Sa te prepare teren an pou Etazini kenbe kontwòl li sou zile a ak dominasyon li nan rejyon an. Poutèt sa, nenpòt batay kont enperyalis ameriken an dwe lye ak batay kont klas dominan nasyonal yo tou. Fòk yo ranplase yo pa yon gouvènman travayè ki fèt ak lidè klas travayè ak peyizan ayisyen ak dominiken ki angaje nan lit anti-enperyalis la.

Dominasyon Enperyalis sou Zile a Jodi a

Repiblik Dominikèn gen youn nan ekonomi k ap grandi pi rapid nan Amerik Latin, ak PIB li ki te double soti 2000 rive 2020. Klas dominan dominiken an prezante kwasans ekonomik peyi a ak volonte kapitalis etranje yo genyen pou envesti nan nasyon an kòm sa ki fè RD diferan de Ayiti. Se vre ke RD pi estab ekonomikman ak politikman pase Ayiti. Men, pandan klas dominan dominiken an ap fè kwè ilizyon ke peyi a se “Pèl Karayib la,” Repiblik Dominikèn nan anba yon gwo dèt epi li ap soufri anba povrete. Kòman relasyon li ak Etazini mennen Repiblik Dominikèn nan sitiyasyon sa a?

Akò Komès Lib ant Repiblik Dominikèn ak Amerik Santral (CAFTA-DR) ke Etazini te jere a te kòmanse aplike nan Repiblik Dominikèn an 2007. Yo te prezante CAFTA kòm yon akò pou pwodui kwasans ekonomik ki t ap benefisye tout patnè komèsyal yo ak pèp peyi k ap patisipe yo. Men pou Repiblik Dominikèn, akò a te fè Etazini tounen patnè komèsyal prensipal li, sa ki te pèmèt enperyalis yo inonde mache dominiken an ak machandiz ak manje ki pa chè. Pa egzanp, Etazini te inonde Repiblik Dominikèn ak diri ki pa chè, sa ki te rann li enposib pou kiltivatè dominiken yo fè konkirans. Enperyalis yo te fè menm bagay la ak Ayiti. Anpil kiltivatè, ki te viv de vann diri, te kraze anba pwa sibvansyone manje sa a. Pandan Etazini t ap kapab inonde mache Dominiken an ak pwodwi bon mache, yo te refize sik Dominiken an (youn nan pwodwi prensipal li yo) aksè nan mache Etazini pandan twazan, sa ki te etoufe agrikilti nan Repiblik Dominikèn pi plis toujou.

Bagay yo te vin pi difisil toujou lè kriz finansye 2008 la te frape, paske Repiblik Dominikèn tèlman mare ak ekonomi Etazini. Repiblik Dominikèn te oblije prete lajan ni nan men FMI (1.7 milya dola) ni nan men Bank Mondyal (80 milyon dola). Rive 2023, dèt ekstèn total Repiblik Dominikèn te 52.26 milya dola. Malgre Abinader pa pran mezi osterite ki sevè anpil, plan li pou l ranbouse dèt la se envite envestisman etranje aktivman nan pwomèt gwo egzansyon taks epi angaje l pou l kenbe salè yo ba.

Sa te mache pafètman pou konpayi touris, imobilye ak min yo, ki fè pwofi rekò. Pandan salè yo te monte soti $300 pa mwa rive $450 anba administrasyon Abinader la, RD toujou genyen twazyèm salè mwayen ki pi ba nan kontinan Amerik la. Apati 2024, to povrete nan zòn iben nan RD te 20.1 pousan, epi to povrete nan zòn riral te 24.7 pousan. Malgre etid yo fè kwè to povrete a ap diminye, melanj salè ki ba ak mank opòtinite travay fè Dominikèn yo ap kouri al Pòtoriko ak Ozetazini. Gwo depandans Repiblik Dominikèn sou èd Ameriken, transfè lajan ak touris fè souverènte li vin enstab tou. Poutan, Abinader te pwomèt Washington li pral kenbe relasyon Etazini-Repiblik Dominikèn solid. Sa vle di, li pral kenbe Repiblik Dominikèn anba dominasyon enperyalis Ameriken.

Kanta pou Ayiti, kondisyon yo pi mal toujou. Tranbleman tè 2010 la ak konsekans li yo se yon egzanp klè sou sa enperyalis ameriken an fè anba kouvèti imanitè. Lanmò ak dekonpozisyon sosyal yo se pa t sèlman rezilta yon dezas natirèl, men sitou rezilta plizyè syèk abi enperyalis. Entèvansyon Etazini nan Ayiti se pa yon bagay nouvo. Men, okipasyon militè toujou mennen plis devastasyon sosyal ak politik, sitou si vòlò ameriken yo enplike. Enperyalis yo te asire yo inonde Ayiti ak ONG ki t ap enfliyanse evènman politik yo pandan y ap bay enperyalis la kouvèti jantiyès ak sousi pou yon peyi ki nan bezwen.

Anvan tranblemanntè 2010 la, te genyen ant 3,000 ak 10,000 ONG nan peyi Dayiti. Tout ONG sa yo ak envazyon militè repete yo te mine souverènte nasyonal peyi Dayiti epi yo te bay Etazini ak pisans enperyalis Ewopeyen yo posiblite pou yo te vin entèvni nenpòt ki lè. Lè tranblemanntè a te frape, lame ameriken an te etabli kontwòl ijans, li te pran kontwòl leta ayisyen an epi li te aplike yon seri politik ki te favorize enterè Etazini. Apati de la, Etazini te kapab pran lajan èd ki te pou Ayiti a epi envesti li nan kòporasyon ak ONG parazit ki te sipòte dominasyon Etazini sou zile a. Devastasyon an te fòse plizyè milye moun debake nan Repiblik Dominikèn, sa ki te kreye plis presyon pou yo.

Ane apre tranblemanntè a, dè milye Ayisyen t ap toujou dòmi anba tant pandan èd etranje yo t ap kanalize nan endistri prive tankou touris liksye, min ak ekspansyon izin esklav. Li klè ke sa yo te prezante kòm imanitè ameriken an se te an reyalite yon konplo blanchiman lajan ki te fèt pou remèt milyon dola nan men enperyalis yo ki te lakòz dezas sosyal la an premye. Ayiti pa gen yon gouvènman k ap fonksyone depi asasina Prezidan Moïse, e peyi a nan yon eta dezòd total. Pou ane 2024, anviwon 60 pousan popilasyon an t ap viv anba liy povrete ofisyèl la, avèk 1.3 milyon Ayisyen ki deplase. Epi toujou ONG yo ap voye lajan tounen bay enperyalis yo. Destabilizasyon Ayiti a pèmèt gang yo pran kontwòl yon gwo pati nan peyi a. Sa se pa yon aksidan nonplis. Etazini bay gang sa yo zam pou kenbe peyi a enstab.

Goch la ak Klas Travayè a

Goch dominiken an an kòlè pou depòtasyon ayisyen yo e li vle pwogram sa yo Abinader mete sou pye yo sispann, paske yo voye ayisyen yo tounen nan yon povrete ki pi rèd toujou ak nan yon lanmò ki sèten. Moun goch yo ekri non sèlman sou depòtasyon yo, men tou sou tretman rasis ak mòtèl an jeneral ke Ayisyen sibi nan tout sosyete a, soti nan swen sante ak lojman rive nan batèy yo (vilaj konpayi yo posede) ak plantasyon kann yo. Anpil gwoup mande pou mete fen nan esklavaj brital Ayisyen yo, yo pale sou nesesite pou gen solidarite ant Ayisyen ak Dominiken. MST-RD te ekri yon lèt ouvè bay Abinader, ki di:

“Deportasyon an mas yon kominote majinalize se yon pratik lwa entènasyonal kondane. Depi 2 Oktòb, apre lòd li, y ap pèsekite Ayisyen ak Dominiken ki gen desandans ayisyen yo vyolamman, yo separe fanmi, kay yo anvayi, yo terorize kominote yo. Lefèt ke machin depòtasyon leta a konsantre sou fanm ansent montre jis nan ki pwen mechanste plan yo a dispoze ale.

Pa gen okenn respè pou lavi, pa gen plas pou anpati…. Nou mande pou w sispann gwo plan depòtasyon sa a imedyatman. Nou mande pou w mete fen nan rayisman leta sa a.”

—Movimiento Socialista de Trabajadores de la República Dominicana, 11 Oktòb 2024

Fòk nou kanpe depòtasyon yo epi bati pi gwo defans posib pou Ayisyen yo. Men kesyon an se: kòman pou w fè sa? Apèl MST-RD a fè Abinader pou l sispann depòtasyon yo se yon estrateji ki pap mache. Abinader mare Repiblik Dominikèn ak enperyalis Ameriken an avèk mil fil epi li benefisye de eksplwatasyon nasyon an. Ou pa ka atann menm moun ki gen yon enterè materyèl pou kenbe mezi repwesif sa a pou l fè yon bagay pou demantibile l. Apèl moral p ap sifi.

Pou kanpe depòtasyon yo, fòk nou òganize yon batay kont Abinader ak mèt li yo nan Washington. Fòk nou mete batay kont enperyalis Ameriken an nan sant pwoblèm nan. San sa, n ap kite mèt kolon yo chape. Se yo k ap tire kòd dèyè Abinader, kidonk fòk nou konbat yo toulede an menm tan.

Pou rasanble fòs ki nesesè pou kanpe depòtasyon yo, fòk ou konvenk klas travayè dominiken an pou l patisipe nan batay kont plan Abinader yo. Men, anpil travayè tonbe nan pyèj manti ki fè kwè si yo mete ayisyen deyò nan Repiblik Dominikèn, sa ap kreye plis djòb pou dominiken yo epi pote estabilite ekonomik pou peyi a. Se yon manti lidèchip divès sendika, tankou CASC, CNTD ak CNUS, aksepte tou, paske yo sipòte administrasyon Abinader la san retisans.

Chak jou, sitiyasyon an vin pi enposib pou Dominiken yo. Salè yo apèn ka kouvri depans pou pwodui debaz yo, enflasyon an ap monte epi pou pifò nan mas moun pòv yo, se sèlman kay ki nan move eta ak sistèm plonbri ki pa bon yo genyen. Melanj pozisyon degrade Dominiken yo ak itilizasyon Ayisyen kòm mendèv bon mache a te ogmante ostilite ant de pèp sa yo ki anba opresyon. Sitiyasyon an vin pi eksplozif toujou pandan toulede ap goumen pou ti opòtinite ki egziste nan pati lès zile a.

Solisyon MST-RD a se kreyasyon sendika “Anti-rasis” pou goumen pou amelyore salè ak kondisyon travay. Travayè ki rayi prejije anti-ayisyen yo ka pa wè anyen ki mal nan sa, paske fòk nou konbat rasis nan sendika yo. Men, prezans de twa sendika ki pa rasis pa fè anyen pou defye enperyalis ameriken an. An reyalite, sa ranfòse sitiyasyon enperyalis la sou zile a, paske lè w separe travayè Dominiken ak Ayisyen yo sou liy rasis ak anti-rasis, sa ap febli kapasite yo pou defann tèt yo kont atak yo.

Sa k nesesè se pou kreye yon pon nan divizyon yo lè w lye lit kotidyen klas travayè Dominiken an ak nesesite liberasyon Ayisyen an. Ni travayè Ayisyen ni travayè Dominiken yo anba atak menm ènmi an. Li t ap pi bon lontan pou nou mennen yon batay ansanm kont lènmi sa a olye pou nou divize travayè yo plis toujou. E sa ap rive sèlman lè nou mete devan lidè sendikal ki pote yon atitid anti-enperyalis nan klas la epi ki montre ak pasyans poukisa depòtasyon pa ede travayè Dominikèn yo ditou.

Lè yo depòte Ayisyen yo soti nan Repiblik Dominikèn, sa pap kreye plis djòb ni estabilite ekonomik pou peyi a. Sa sèlman vin fè kondisyon nan djòb ki egziste yo pi mal epi li pote plis enstabilite ekonomik. Se paske move sitiyasyon Repiblik Dominikèn ak mas pèp dominiken an k ap sibi opresyon an se pa fòt ayisyen ki nan mizè yo, men se fòt enperyalis yo ki vòlè toulede bò zile a. Se Etazini ki te kreye dezòd ki genyen nan peyi Dayiti a. Apre sa, sitiyasyon an debòde nan Repiblik Dominikèn, kote ki pa t gen ase pou tout moun deja. Lè sa a, mèt kolon yo alye dife rayisab ak rayisman nasyonal nan mitan mas pèp dominiken ak ayisyen k ap sibi opresyon yo. Paske Ayisyen yo reprezante yon bon pòsyon nan klas travayè a nan Repiblik Dominikèn, se pa yon kesyon moral, men se yon kesyon otodefans klas travayè a pou Dominiken yo goumen pou dwa Ayisyen yo.

Pandan toude pèp yo distrè epi youn ap goumen ak lòt, mèt enperyalis yo, tankou moun ki posede konpayi konstriksyon, sik ak touris yo, ap fin manje resous Repiblik Dominikèn, epi kenbe l anba dominasyon yo. Klas dominan dominiken an ede enperyalis yo, li pouse manti ki fè kwè pwogrè ekonomik ap fèt endepandamman de Ayiti. Men, sa pa t ka pi lwen de verite a. Repiblik Dominikèn pap pwogrese ekonomikman, sosyalman, ni politikman si yo kite Ayiti desann. Sa se paske tout sistèm dominasyon Etazini sou zile a se pou mete travayè ki oprese nan RD ak Ayiti youn kont lòt pou enperyalis yo ka fin vale resous toude peyi yo.

Anti-Enperyalis se Kle a

Yon batay mas travayè dominiken yo kont opresyon enperyalis sou ayisyen yo t ap yon batay tou pou libere dominiken yo anba povrete ak opresyon. Sa se paske chenn ki mare ayisyen yo se menm chenn ki mare dominiken yo tou. Epi kolonizatè yo se kadna ki sou chenn sa yo. Batay ansanm kont enperyalis ameriken an se kle a. Se sèl fason pou defann mwayen sibzistans ni Dominiken yo ni Ayisyen yo epi mete fen nan jwèt divizyon pou renye dominasyon mèt kolon yo ap jwe a.

Se sèlman sou baz anti-enperyalis ou ka ini de pèp sa yo yo te fè tounen ènmi mòtèl epi transfòme sendika yo. Akademisyen Ispanik ap fè konferans pou Dominiken sou fason pou yo aksepte “Wont kolektif” yo kòm yon mwayen pou kanpe jenosid brital kont Ayisyen yo. Men sa pap mache, paske mas pèp Dominiken nan pa gen opòtinite ekonomik epi yo fè yo wè Ayisyen yo kòm sous pwoblèm nan. Wont kolektif sa a ap sèlman vin mete plis dife sou divizyon ant Ayisyen ak Dominiken yo, paske li blame Dominiken ki anba opresyon yo kòm responsab degradasyon Ayisyen yo. Se travay kominis yo pou yo ekspoze rasin divizyon rasyal ak nasyonal ki genyen ant pèp Ispanyola yo epi mete yon estrateji kòrèk pou bat enperyalis la.

Fòk nou konprann lit anti-enperyalis la konsa: si pwogrè yon peyi ki soufri anba opresyon pa fèt sou do enperyalis yo, l ap fèt sou do travayè yo ak minorite k ap soufri yo. Plis pèp Repiblik Dominikèn ak Ayiti kanpe fèm kont enperyalis, se plis inite ant yo ap grandi. San sa, relasyon ant mas dominiken ak ayisyen ki soufri yo ap kontinye sou chemen babari a.

Pa gen tan pou pèdi nonplis. Avèk enperyalis Ameriken an k ap dekline chak jou pi plis, l ap chèche estabilize pozisyon l nan anvayi oswa peze sou peyi Amerik Latin yo. Nou pa bezwen gade pi lwen pase envazyon yo nan peyi Venezwela pou petwòl li, dominasyon kolonyal Pòtoriko oswa blokaj grangou Kiba a. Mèt kolon yo pral kontinye kenbe Repiblik Dominikèn ak Ayiti nan gòj, y ap kontinye sik rayisman rasyal ak nasyonal la, paske tout objektif la se fè Amerik Latin nan tonbe nèt nan pye enperyalis Ameriken an.

Karayib la ak Amerik Latin nan pa ka konbat enperyalis la poukont yo. Mas travayè ak mas oprime yo bezwen fòme yon alyans anti-enperyalis ak klas travayè Ameriken an, ki li menm ap sibi gwo atak tou bò kote administrasyon Trump la. Klas travayè Ozetazini an divize tou sou kesyon imigrasyon ak depòtasyon, paske Biden ak Pati Demokrat la te mande travayè yo pou yo gen pitye pou imigran yo epi sakrifye resous yo ki te dejaap diminye pou migran yo. Sa te ogmante santiman anti-imigran nan klas la epi sa te bay sipò pou Trump. Depi lè sa a, li bay ICE lòd pou l antre nan katye travayè ak imigran yo, sa ki lakòz lanmò moun an piblik. Gen gwo manifestasyon ki eklate, men ICE ap kontinye ap terorize katye yo paske klas travayè a poko mobilize pou opoze yo.

Pwoblèm ki soti nan divizyon brital nan Repiblik Dominikèn ak Ayiti yo pa rete la sèlman. Yo jwenn wout yo nan kote tankou Vil Nouyòk, kote moun ki pa janm mete pye ni sou youn ni sou lòt bò zile a te leve kanpe pou rayi youn lòt. Sa lakòz gwo batay nan lari, relasyon amoure ki kraze, e menm gen ka kote Dominiken yo vize moun nwa yo. Tansyon sa yo sèlman kreye plis presyon nan yon vil kote divizyon rasyal entans yo toupatou.

Sitiyasyon an rive nan klas travayè a tou. Nan anpil espas travay, kondisyon yo tèlman degrade ke travayè yo youn ap goumen ak lòt. Konfli entèn sa yo anpeche klas la aji efikasman kont moun ki responsab sitiyasyon mizè yo a. Menm si pa gen anyen ki mal pase dirèkteman ant yon travayè ayisyen ak yon travayè dominiken, divizyon yo tèlman rèd, yon ti deranjman sèlman sifi pou rayisman rasyal la monte. Sa fè patwon yo vin pi fasil pou yo viktimize klas travayè a, paske yo ap chèche tout chans pou yo kontinye divize travayè yo pou yo ka febli epi kraze sendika yo. Sa fè li vin pi kritik toujou pou nou trase yon chemen ki pral rale travayè ayisyen ak dominiken yo ansanm pou yo ka goumen pi efikasman kont patwon yo.

Kèlkeswa jan zile Ispanyola a piti, nou pa ka souzestime enspirasyon yon batay reyisi kont enperyalis, mennen pa klas travayè dominiken an nan defans liberasyon ayisyen yo, ka pote. Yon lit konsa ta ka pouse mas pèp Ozetazini defann moun ki anba opresyon nan sant enperyalis la. Lè nou jete dominasyon Ameriken an sou zile a, sa t ap febli priz klas dominan an sou travayè Ozetazini—e vis vèsa. Si travayè nan Amerik te pran devan nan batay kont Trump epi yo te ranpòte kèk viktwa, sa t ap pèmèt lit anti-enperyalis Ayisyen ak Dominikèn yo avanse.